Dènye Nouvèl

SHEILA CHERFILUS-McCORMICK BAY DEMISYON L ANVAN LI PRAN SANKSYON NAN KONGRE A

SHEILA CHERFILUS-McCORMICK BAY DEMISYON L ANVAN LI PRAN SANKSYON NAN KONGRE A

Jodi madi 21 avril 2026 la. Depite dorigjin ayisyèn nan, Sheila Cherfilus-McCormick, anonse li bay demisyon li imedyatman nan Chanm Depite a. Desizyon sa a tonbe sanzatann, jis anvan Komite Etik la te kòmanse yon odyans ki te genyen pou fet jodia pou yo deside sou sanksyon sevè kont Depite a. Komite a jwenn ke depite a te komèt 25 vyolasyon grav nan règleman Kongrè a. Sa gen ladan l vyolasyon lwa sou fason l te jere lajan pou kanpay elektoral li ak paske li te kache enfòmasyon sou byen pèsonèl li.

Cherfilus-McCormick anba kòd lajistis federal ki akize l kòmkwa li ta detounen 5 milyon dola nan fon ijans COVID-19. Yo sispèk li te sèvi ak kòb sa a pou l achte bagay liks, pami yo yon bag dyaman jòn 3 kara.

Lè li bay demisyon li anvan odyans lan, Cherfilus-McCormick evite yon posib vòt ekspilsyon nan Chanm nan, ki ta ka yon wont istorik pou karyè li. Sepandan, depa li nan Kongrè a pa sispann pouswit kriminèl federal k ap peze sou do l yo.

Ki moun ki pral ranplase Cherfilus-McCormick nan Kongrè a? Ki dat pwochen jijman kriminèl li a prevwa? Swiv tout analiz politik ak jidisyè yo sou platfòm nou an kounye a.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *