
Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), atravè Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), kòmanse depi jounen dimanch 26 avril 2026 la, yon gwo operasyon distribisyon 10,000 kit alimantè pou popilasyon ki pi frajil yo nan rejyon Gran Nò peyi a. Premye etap aktivite sa a te demare nan zòn Sent Filomèn, kote deja 500 fanmi benefisye sipò sa a nan kad jefò gouvènman an ap fè pou ede moun k ap viv nan sitiyasyon difisil. Minis Marc-Elie Nelson te fè deplasman an pèsòn, akonpaye ak reprezantan FAES ansanm ak responsab Kès Asistans Sosyal (CAS), pou l te ka sipèvize dewoulman operasyon an sou teren an. Dapre plan otorite yo tabli, aktivite sa a gen pou l kouvri anviwon ven zòn nan depatman Nò ak Nòdès nan jou k ap vini yo.
Inisyativ sa a pa t ap rete sèlman nan Nò, paske gouvènman an prevwa kontinye menm demach sa a nan rejyon Gran Sid la. Travay sa a pral fèt atravè pwogram “PSARA – Klere Chimen”, yon pwojè ki jwenn sipò finansye labank Mondyal. Minis lan deklare li detèmine pou l rive jwenn plis fanmi posib pou l pote yon ti soulajman nan mitan kriz ekonomik ak sosyal peyi a ap travèse a.





Leave a Reply