Dènye Nouvèl

PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ NAN BANK MONDIAL: « CHAK DJÒB KI KREYE SE YON REPONS KONT VYOLANS LAN

PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ NAN BANK MONDIAL: « CHAK DJÒB KI KREYE SE YON REPONS KONT VYOLANS LAN

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te gen yon rankont estratejik lendi 20 avril 2026 la ak Prezidan Bank Mondial la, misye Ajay Banga. Mesaj chèf gouvènman ayisyen an te klè: sekirite pèmanan an Ayiti ap pase pa kreyasyon travay ak opòtinite ekonomik.

Premye Minis la fè konnen pou Ayiti sòti nan kriz la, fòk gen yon tèt ansanm ant Sekirite, Jistis, ak Ekonomi. Li rekònèt travay PNH ap fè pou reprann kèk zòn, men li kwè se sèlman lè popilasyon an jwenn travay n ap ka kenbe lapè a.

PM nan mande Bank Mondial pou l apiye pwojè ki ka bay moun djòb touswit. Li mete aksan sou nesesite pou jèn yo jwenn okipasyon ak salè, sitou pandan peyi a ap prepare l pou l al nan eleksyon.

“Chak travay nou kreye se yon repons dirèk kont vyolans ak esklizyon,” se sa PM Fils-Aimé deklare pou l montre jan chomaj la se youn nan pi gwo pwoblèm ki bay gang yo fòs.

Nan rankont sa a, PM nan te gen sipò Minis Afè Etranjè a, Raina Forbin, ak anbasadè Ayiti nan Washington, Lionel Délatour. Yo tout te fè yon sèl vwa pou mande yon chanjman nan jan patnè entènasyonal yo ap ede Ayiti.

iskisyon yo te baze tou sou jan pou èd la pi efikas, ak plis transparans epi pwojè ki vize kreyasyon richès tout bon vre olye de èd kout tèm ki pa kite anyen.

Demach sa a nan Washington montre ke gouvènman an ap chèche atake pwoblèm gang yo nan rasin li, pandan y ap prepare tèren an pou yon relans ekonomik tout bon.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *