Dènye Nouvèl

🏛️ DIPLOMASI / FLASH : PM FILS-AIMÉ NAN NASYONZINI: « NOU BEZWEN AKSYON KONKRÈ, PA PWOMÈS »

🏛️ DIPLOMASI / FLASH : PM FILS-AIMÉ NAN NASYONZINI: « NOU BEZWEN AKSYON KONKRÈ, PA PWOMÈS »

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te pran lapawòl devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an jodi jedi 23 avril 2026 la. Chèf gouvènman an, ki te akonpaye pa yon delegasyon wo nivo, lanse yon rèl ijan bay kominote entènasyonal la pou l sispann fè bèl diskou epi pase nan aksyon konkrè pou ede Ayiti soti nan kriz Ensekirite a. Fils-Aimé te trè klè : Ayiti pa ka tann ankò. Li deklare ke pèp ayisyen an bouke ak “pwomès” ki pran tan pou reyalize, pandan gang yo ap kontinye paralize lavi nan peyi a. Li mande pou sipò entènasyonal la vin “pi rapid ak pi konkrè”.

Pou montre enpòtans misyon sa a, PM nan te gen bò kote l :

  • Raina Forbin (Minis Afè Etranjè)
  • Sandra Paulemon (Minis Planifikasyon)
  • Me Guerly Leriche (Konsèye Spesyal)

Kriz Sekirite a kòm Priyorite : Chèf gouvènman an mete aksan sou fason ensekirite a ap detwi ekonomi ak lavi sosyal peyi a. Li ensiste ke san yon sekirite solid, li p ap posib pou òganize eleksyon yo jan sa prevwa nan kalandriye tranzisyon an. Li raple manm Konsèy Sekirite yo ke estabilite Ayiti se yon faktè enpòtan pou sekirite nan tout rejyon an. Li mande pou fòs entènasyonal yo (FRG) jwenn mwayen teknik ak finansye yo bezwen pou yo ka bay rezilta sou teren an kounye a.

Entèvansyon sa a nan Nasyonzini make yon etap kritik nan diplomasi ayisyen an, kote gouvènman an ap chèche mete mond lan devan responsablite l pou evite yon kataswòf pi grav toujou.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *