Dènye Nouvèl

MERI TIGWAV METE HOLOLA SOU BLACK AK MELISSA: “VALÈ MORAL NOU AN DANJE

MERI TIGWAV METE HOLOLA SOU BLACK AK MELISSA: “VALÈ MORAL NOU AN DANJE

Vil Tigwav, ki renome pou karaktè “Sitè de Faustin Soulouque” li, pran yon pozisyon fèm nan kesyon moralite. Nan yon nòt ofisyèl ki pibliye lendi 20 avril 2026 la, Konsèy Minisipal la (3 ajan enterimè yo) anonse yo entèdi de (2) kreyatris kontni popilè, Black ak Melissa, vin pèfòme nan yon aktivite ki te prevwa pou samdi 25 avril k ap vini an.

Otorite minisipal yo di yo pap tolere kalite dans ak konpòtman de (2) medam sa yo abitye afiche sou rezo sosyal yo (sa anpil moun rele “pike bouda anlè”)

Meri a deklare klèman ke fason Black ak Melissa prezante tèt yo “pa reflete valè moral ak sosyal” vil Tigwav ap pwone. Desizyon sa a vini apre plizyè notab ak manm nan sosyete sivil la te leve vwa yo pou di pwogram sa a se yon move egzanp pou jenès la.

Majistra yo fè konnen Tigwav rete yon vil akeyant pou tout “aktivite kiltirèl serye” ki baze sou respè ak bon moralite. Sepandan, yo deklare lagè ak tout sa yo konsidere kòm “aktivite devègonde, imoralite, ak debòch.”

Nòt la sèvi kòm yon avètisman pou tout moun k ap planifye aktivite nan komin nan: Leta pap bay pèmisyon pou okenn pwogram ki ka sal imaj vil la oswa detwi edikasyon timoun ak jèn yo.

Èske w dakò ak desizyon Meri a pou l entèdi Black ak Melissa danse nan vil la pou pwoteje “moralite” jèn yo? Oswa èske w panse chak moun ta dwe lib pou yo chwazi ki kalite amizman yo vle?

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *