
Nan yon sikilè ki pote dat 17 avril 2026, Conseil Électoral Provisoire (CEP) anonse nominasyon Uder Antoine Kòm nouvo Direktè Egzekitif enstitisyon an.
Nòt ofisyèl la fè konnen tout pèsonèl la ansanm ak direksyon teknik yo pran ak dispozisyon desizyon administratif sa a.
Fòk nou note ke avan nominasyon sa a, Mesye Uder Antoine te okipe pòs Kowòdonatè Jeneral nan Office de Management des Ressources humaines (OMRH).
Mesye Antoine gen responsablite pou asire kowòdinasyon administratif ak teknik nan CEP.
Enstitisyon an konte sou kolaborasyon tout kad yo ansanm ak pèsonèl la pou sipòte nouvo Direktè Egzekitif la nan akonplisman misyon li.
Nominasyon sa a fèt nan yon kontèks kote gen anpil preparasyon k ap fèt pou pwosesis elektoral la.
Direktè Egzekitif la gen yon wòl kle nan fonksyònman chak jou CEP la, sitou nan zafè òganizasyon entèn, jesyon operasyonèl ak siveyans aktivite yo.
Konsèy la mete aksan sou lefèt ke chwa sa a fèt pou garanti bon mache enstitisyon an.
Dokiman an, ki soti nan Pétion-Ville, nan dat 17 avril 2026, ofisyalize antre an fonksyon Uder Antoine kòm Direktè Egzekitif CEP la.
Nap raple Nominasyon sa a ka gen gwo konsekans pou avni pwosesis elektoral la, paske bon jesyon ak transparans nan CEP la ap detèmine nivo konfyans popilasyon an nan eleksyon k ap vini yo. Anpil obsèvatè espere nouvo direktè a pral pote plis efikasite, disiplin ak kredibilite nan fason enstitisyon an ap fonksyone.
Redaksyon Alèt ENFO





Leave a Reply