Dènye Nouvèl

YON PAPA TOUYE 8 TIMOUN ANVAN LAPOLIS TOUYE L NAN LETA LOUISIANE

YON PAPA TOUYE 8 TIMOUN ANVAN LAPOLIS TOUYE L NAN LETA LOUISIANE

SHREVEPORT – Se yon sèn ki depase imajinasyon k ap brase dlo nan je tout moun nan leta Louisiane. Lapolis idantifye asasen ki komèt pi gwo masak ak zam depi ane 2024 la: li rele Shamar Elkins, li gen 31 lane. kote akize kriminèl, retire lavi wit (8) timoun, kote sèt (7) ladan yo se te pwòp pitit li.

Asasen an idantifye kòm Shamar Elkins, yon nonm 31 lane. Sa ki rann trajedi a pi rèd toujou, se paske nan 8 timoun ki mouri yo, sèt (7) ladan yo se te pwòp pitit li.

Manman plizyè nan timoun sa yo blese tou nan fiziyad la. Pandan l ap goumen pou lavi l nan lopital, li gen pou l jere gwo chòk kote l pèdi prèske tout pitit li yo nan yon sèl nuit anba men pwòp papa yo.

Fòs lòd yo nan Shreveport pa t pran tan pou yo te rive sou sèn nan. Pandan yo t ap pouswiv Elkins, echanj kout zam te fèt epi lapolis rive netralize l nèt (yo touye l), sa ki anpeche l kontinye ak masak la.

Yon ankèt ap mennen pou konnen si se te yon kriz jalouzi, yon pwoblèm mantal, oswa yon lòt rezon ki pouse yon papa komèt yon krim konsa sou pwòp pitit li.

Nouvèl sa a klase kòm pi gwo trajedi ak zam ki fèt Ozetazini depi kòmansman ane 2024 la, sa ki mete tout peyi a an dèy nwa.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *