
Plizyè douzèn moun nan kominote a te rasanble jounen dimanch la nan North Miami pou mande otorite federal yo pwonlonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plis pase 350,000 sitwayen ayisyen ki anba menas depòtasyon. Manifestasyon sa a fèt nan moman presyon ap moute sou administrasyon an pou l pran yon desizyon anfavè imigran sa yo k ap viv Ozetazini depi plizyè lane.
Òganizasyon “Family Action Network Movement” (FANM), ansanm ak lòt defansè dwa imigran nan Sid Florid la, te lanse apèl pou rasanbleman sa a ki te fèt sou plas Mize Kontanporen (MOCA). Mobilizasyon sa a vini nan yon moman trè kritik, paske se mèkredi k ap vini la a Tribinal Siprèm Etazini an gen pou l kòmanse tande agiman nan dosye ki konsène posiblite pou mete fen nan pwogram TPS la pou peyi Ayiti.





Leave a Reply