
Nan kad misyon diplomatik nan peyi Etazini, Premye Minis Ayiti a, Alix Didier Fils-Aimé te gen yon rankont estratejik ak gwo responsab Fon Monetè Entènasyonal (FMI). Rankont sa a te santre sou kowòdinasyon sipò entènasyonal la pou akonpaye gouvènman an nan gwo refòm estriktirèl li yo. Premye Minis la ensiste ke okenn relans ekonomik pa posib si sekirite a pa retabli nèt. FMI ak gouvènman an dakò ke estabilizasyon peyi a se poto mitan ki pral pèmèt envestisman yo tounen epi prepare yon anviwonman favorab pou eleksyon yo.
Youn nan priyorite PM Fils-Aimé te prezante se kreyasyon djòb pou jèn yo. Dapre chèf gouvènman an, bay jèn yo opòtinite ekonomik se yon fason dirèk pou anpeche yo tonbe nan delenkans ak gwoup ame.Rankont sa a ant gouvènman ayisyen an ak FMI an voye yon siyal bay kominote entènasyonal la sou volonte Ayiti pou l angaje l nan gwo refòm estriktirèl, pandan l ap chèche sipò finansye ak teknik ki nesesè pou soti nan kriz sa a.
Ki enpak rankont sa a ka genyen sou chajman lajan FMI dwe debouse pou Ayiti nan mwa k ap vini yo? Jwenn tout analiz ekonomik yo ak detay sou pwochen etap yo sou platfòm nou yo.





Leave a Reply