
Sitiyasyon an tounen yon vrè lanfè pou moun k ap viv nan zòn Plènn kil-de-sak. Depi mèkredi ki sot pase a, yon batay san pran souf deklanche ant plizyè gwo kowalisyon kriminèl k ap goumen pou kontwole teritwa. Jiska lendi 20 avril 2026, vè 7è nan aswè, gwo zam t ap chante toujou nan plizyè katye Selon Enfomasyon redaksyon sal Nouvel Alet Enfo resevwa
kriminèl yo ki regwoupe gang Chen Mechan, Taliban (ki gen nan tèt li Jeff Gwo Lwa soti Kanaran), ak 400 Mawozo (anba kòmandman Lanmò San Jou) ak gang ki soti nan zòn Pierre 6 ak Terre Noire.
Sivil yo se premye viktim yo. Anpil fanmi bloke andan kay yo san manje, san dlo, pandan bal ap pèse tòl kay yo. Gen anpil lòt ki oblije kouri kite sa yo posede pou sove lavi yo anba gwo zam lou k ap tire san rete.
Plizyè wout estratejik bloke, sa ki rann li enposib pou sekou rive nan zòn nan oswa pou moun deplase.Malgre li difisil pou konnen egzakteman konbe moun ki mouri oswa ki blese akòz entansite konba yo, temwen nan zòn nan rapòte yon sitiyasyon katastwofik kote san ap koule depi plis pase 5 jou.
Leta ak Lapolis poko rive pran kontwòl zòn sa yo, sa ki koz popilasyon an nan yon dezespwa total devan vag vyolans sa a k ap detwi Plenn lan.





Leave a Reply