Dènye Nouvèl

🧹OKAP / ANVIWÒNMAN: KONBIT “HAITI ZERO DÉCHET” LANSE AN GWO PONPON NAN VIL OKAP

🧹OKAP / ANVIWÒNMAN: KONBIT “HAITI ZERO DÉCHET” LANSE AN GWO PONPON NAN VIL OKAP

Jodi samdi 25 avril 2026 la, vil Okap te tounen yon veritab chantye pwòpte pou edisyon mwa avril Samdi Sitwayen an. Se anba gwo tèm “Konbit Haiti Zero Déchet” plizyè enstitisyon piblik ak prive mete tèt ansanm pou bay vil la yon lòt vizaj, anba patwonaj espesyal Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.Mouvman sa a jwenn sipò plizyè gwo otorite ki te prezan sou teren an, tankou :

Divès sektè nan sosyete sivil la.

Majistra vil Okap la.

Minis Anviwònman an.

Direktè Jeneral SNGRS (Sèvis Nasyonal Jesyon Dechè Solid).

Reprezantan Ministè Travay Piblik (TPTC).

Operasyon netwayaj la te konsantre sou tout litoral vil la, yon espas ki gen gwo valè touristik. Travay la kòmanse depi bò Ayewopò entènasyonal la pou rive nan nivo Ri 5 sou Boulva a. Prezans pwojè sa a anba non Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé montre volonte gouvènman an pou l mete aksan sou ijyèn piblik ak pwoteksyon anviwònman kòm yon poto mitan nan devlopman vil pwovens yo. Pi lwen pase senp netwayaj la, vizyon konbit sa a se sansibilize popilasyon an sou nesesite pou yo pa jete fatra atè, pou Okap ka rete yon vil modèl pou touris ak tout moun k ap vizite l.

Èske inisyativ sa a pral fèt chak mwa nan lòt vil nan peyi a? Ki jan SNGRS planifye pou kenbe espas sa yo pwòp apre konbit la? Rete konekte ak platfòm nou an pou n swiv tout bèl inisyativ k ap fèt pou chanje imaj peyi nou.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *