Dènye Nouvèl

MINIS SANDRA PAULEMOND KOURONE DOKTÈ NAN POLITIK PIBLIK AVÈK MANSYON ESPESYAL

Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn Ayiti a, Sandra Paulemond, franchi yon etap majè nan karyè akademik li. Li anonse ofisyèlman sou rezo pwofesyonèl LinkedIn ke li soutni tèz doktora li avèk siksè nan Liberty University, kote li jwenn grad Doktè nan Politik Piblik (Ph.D.) avèk mansyon Ekselan.

Travay rechèch Doktè Paulemond lan konsantre sou kijan refòm nan gouvènans kapab ede estabilize peyi ki frajil yo epi redui povrete. Li fè yon analiz konparatif ant Ayiti ak Kolonbi, de (2) peyi ki gen defi menm jan an sou plan

Nan mesaj li a, li eksprime rekonesans li anvè fanmi li, kolèg li yo, ak pwofesè li yo ki te sipòte l pandan vwayaj sa a ki te mande anpil disiplin ak sakrifis, sitou nan moman l ap sèvi peyi a nan yon nivo konsa.

Doktè Sandra Paulemond rantre nan ti sèk ra kad nan Leta a ki gen yon doktora nan domèn politik piblik, sa ki ta dwe bay yon lòt souf nan fason yo panse devlopman peyi a.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *