Dènye Nouvèl

⚖️ ANKÈT / ASASINA JOVENEL MOÏSE : YON AJAN FBI REVELE KONPLISITE ANT KONPAYI CTU AK CHÈF GANG “BARBECUE”

⚖️ ANKÈT / ASASINA JOVENEL MOÏSE : YON AJAN FBI REVELE KONPLISITE ANT KONPAYI CTU AK CHÈF GANG “BARBECUE”

Jodi a, se non Archangel Pretel Ortiz, youn nan responsab konpayi sekirite CTU, ki nan mitan yon gwo eskandal apre yon ajan FBI fin revele li te an kontak dirèk ak Jimmy Cherizier, alias “Barbecue”. Yon ajan FBI ki tap ezamine rapò Ortiz kote yo wè Ortiz (ki te sèvi kòm enfòmatè pou ajans lan),Yo deklare ke Ortiz te gen echanj ak chèf gang lan nan moman yo t ap planifye jan pou yo ranvèse Jovenel Moïse. konplotis yo te pwomèt pòtpawòl “Viv Ansanm” nan (Barbecue) amnisti total pou tout krim li te komèt, depi li te aksepte bay sipò l pou jete “Nèg Bannann nan”.

Konpayi sa a, ki baze nan Florida, te deja anba akizasyon kòm estrikti ki te rekrite mèsenè kolonbyen yo. Temwayaj sa a vinn montre kijan yo te eseye makònen fòs gang yo ak plan pou elimine Prezidan an. Enfòmasyon sa yo soti dirèkteman nan bouch yon ofisyèl gouvènman ameriken devan tribinal Miami an. Sa ranfòse tèz ki di asasina 7 jiyè 2021 an te gen gwo koperasyon ant sektè prive, ajan sekirite, ak gang ame sou teren an an Ayiti. Nouvèl sa a vin konfime sispisyon anpil moun te genyen sou lyen ki te egziste ant moun ki t ap planifye lanmò Prezidan an ak chèf gang ki te deja ap simen latwoublay nan peyi a.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *