
Nan okazyon 15yèm edisyon Jounen Nasyonal Diaspora a, lendi 20 avril 2026 sa a, Ministè Touris la voye yon gwo kout chapo pou tout ayisyen k ap viv lòt bò dlo. Anba tèm « Ayiti, Sekirite, Eleksyon : diaspora ap patisipe pou kore estabilite », otorite yo rekonèt wòl poto mitan diaspora a jwe nan lavi peyi a.
Minis Touris la, Madan Stéphanie Smith, fè konnen diaspora a se yon vrè motè pou ekonomi nasyonal la. Selon done Bank Santral (BRH), ayisyen nan dyaspora a voye prèske 5 milya dola ameriken nan peyi a pandan ane 2025 lan. Sa reprezante anviwon 20% nan richès peyi a (PIB).
Minis la ensiste pou diaspora a pa sèlman voye lajan, men pou yo patisipe tout bon vre nan jesyon peyi a, sitou nan pwosesis eleksyon k ap vini yo ak nan gwo desizyon k ap pran pou nasyon an.
Ministè a konsidere diaspora a kòm pi gwo fòs pou rebati imaj Ayiti. Minis Smith rele yo « rezèv touristik 21yèm syèk la ». Yo vle pou chak ayisyen lòt bò dlo tounen yon anbasadè k ap vann bèl kote nan peyi a epi envesti nan pwojè touris dirab.
Gouvènman an, atravè Ministè Touris ak Ministè Ayisyen k ap Viv lòt Bò Dlo (MHAVE), pran angajman pou yo travay men nan men ak diaspora yo pou yo bati yon Ayiti ki estab epi k ap gade devan.
Jounen sa a sèvi kòm yon remèsiman ofisyèl pou tout sakrifis ak lanmou dyaspora a pa janm sispann montre pou manman l, Ayiti, menm nan moman ki pi difisil yo.





Leave a Reply