
Dosye ansyen fonksyonè Leta yo ki te arete nan lane 2025 lan pran yon lòt vire jounen lendi 27 avril 2026 la. Ansyen direktris SNGRS la, Magalie Habitant, ansyen depite Victor Profane, ak ansyen direktè Kès Asistans Sosyal (CAS), Elionor Devallon, te prezante devan Kou Dapèl parèt devan Kou Dapèl Pòtoprens. Ansyen fonksyonè sa yo ap reponn kesyon lajistis sou gwo akizasyon ki peze sou do yo Lajistis repwoche yo kòm moun ki ta enplike nan:
Konplisite ak plizyè chèf gang ame.
Finansman téroris.
Asosyasyon malfektè.
Dapre dosye akizasyon an, ansyen gwo palto sa yo nan Leta ta itilize enfliyans yo ak resous Leta pou bay gang yo sipò nan nivo lajan, lojistik ak estrateji pou yo ka fonksyone. Se yon dosye ki kenbe atansyon anpil moun nan sosyete a k ap tann jistis pou tout viktim zak vyolans yo.
Pou seyans jodi lendi a, otorite nan Kou Dapèl la te mete restriksyon sevè sou travay laprès. Okenn jounalis pa te gen pèmisyon pou pran imaj ni filme pandan pasaj ansyen otorite sa yo devan jij yo.





Leave a Reply