
Nan yon pwen de près ki te fèt nan Salon Diplomatik ayewopò Toussaint Louverture vandredi 24 avril 2026 la, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé prezante Yon bilan positif apre misyon ofisyèl li sot fè Ozetazini. Chèf gouvènman an tounen ak asirans fèm nan men patnè entènasyonal yo pou ede peyi a relanse ekonomi epi kwape gang yo. PM nan te rankontre ak gwo chèf nan Bank Mondyal, FMI (Fon Monitè Entènasyonal), ak BID (Bank Enterameriken Devlopman). Yo pale sou pwogram ki ka bay rezilta rapid pou kreye travay. Dapre PM nan : “Chak djòb nou kreye, se yon zam nou retire nan men yon bandi sa pemet nou kwape ensekirite a.” Nan diskisyon li te genyen ak Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, ak Sekretè Jeneral OEA a, Albert Ramdin, yo reyalize nesesite pou deplwaye Fòs Represyon Gang yo (FRG) pou pèmèt Leta reprann kontwòl teritwa a.
Kominote entènasyonal la ak palmantè ameriken yo reyafime sipò yo pou Ayiti kapab òganize eleksyon kredib pou peyi a retounen nan lòd konstitisyonèl. Fils-Aimé remèsye patnè entènasyonal yo pou angajman yo bò kote Ayiti. Li garanti ke gouvènman l lan pap fè bak nan batay pou mete sekirite ak estabilite nan peyi a.





Leave a Reply