Sekirite

SENMAK LEVE KANPE: POPILASYON AN BLOKE VIL LA POU MANDE DEMANTE L GANG SAVYEN AN

SENMAK LEVE KANPE: POPILASYON AN BLOKE VIL LA POU MANDE DEMANTE L GANG SAVYEN AN

Vil Senmak leve an bay gwo tansyon kote popilasyon an bloke plizyè zòn estratejik. Pwotèstatè yo deside pran lari pou voye yon mesaj klè bay Leta ayisyen konsènan sitiyasyon kriz k ap sakaje depatman Latibonit la. Plizyè wout prensipal ak kafou enpòtan nan vil Senmak bloke ak barikad, sa ki rann sikilasyon an enposib nan moman an.Popilasyon an ap mande Leta pou l pran responsablite l pou l al kraze baz gang Savyen an, ki pa sispann simen dèy ak teworize moun nan tout zòn nan. Manifestan yo denonse masak k ap fèt sou popilasyon sivil la nan depatman an epi yo kritike silans ak pasivite otorite yo devan vyolans k ap ogmante chak jou. Pwotèstatè yo fè konnen yo pap fè bak toutotan pa gen yon operasyon serye ki planifye pou sekirize rejyon an epi bay popilasyon an yon souf anba presyon nèg ak zam.

Sitiyasyon sa a montre jan kòlè pèp la ap moute nan depatman Latibonit la, kote aktivite ekonomik ak lavi chak jou anba gwo menas akòz ensekirite a.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *