Entènasyonal

🛡️SEKIRITE / ENTÈNASYONAL : DEPLWAMAN FRG PRAL FÈT PA “FAZ” NAN MWA K AP VINI YO, DAPRÈ NASYONZINI

🛡️SEKIRITE / ENTÈNASYONAL : DEPLWAMAN FRG PRAL FÈT PA “FAZ” NAN MWA K AP VINI YO, DAPRÈ NASYONZINI
A Chadian soldier display at patch on his arm at the Baga Sola military base, Lake Chad Province, Chad, on 26 November, 2025. The new commander-in-chief of the Multinational Joint Task Force (MNJTF) for counter-jihadist efforts in the Lake Chad Basin assured on Wednesday to AFP that securing waterways is a priority mission in this border region of Central Africa. Establishing secure navigation corridors is "one of the main priorities," according to General Saidou Tanko Audu, who has been leading the regional counter-jihadist force since mid-November. (Photo by Joris Bolomey / AFP)
A Chadian soldier display at patch on his arm at the Baga Sola military base, Lake Chad Province, Chad, on 26 November, 2025. (Photo by Joris Bolomey / AFP)

Nan kad reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an k ap fèt jodi jedi 23 avril 2026 la, reprezantan espesyal Jack Christofides bay detay enpòtan sou fason nouvo Fòs Represyon Gang yo (FRG) pral opere sou teren an an Ayiti. Li anonse ke fòs sa a p ap rive yon sèl kou, men l ap deplwaye pa “faz” nan mwa k ap vini yo. Christofides deklare nan Nasyonzini kounye a yo nan peryòd preparasyon kote y ap mete baz lojistik ak kòmandman FRG a. Faz sa a nesesè pou evite erè ki te fèt nan misyon anvan yo epi asire yon kowòdinasyon pafè ant diferant peyi k ap patisipe yo.

Nouvo fòs sa a (FRG) gen pou misyon pou ranplase “Misyon Multinasyonal pou Sipò ak Sekirite” (MMAS) Objektif la se soti nan yon misyon “sipò” pou rive nan yon fòs “represyon” ki pi solid epi ki gen plis mwayen operasyonèl pou afwonte gang ame yo. Olye de yon debakman masif, fòs la ap ogmante prezans li sou teren an pa faz nan mwa k ap vini yo. Sa ap pèmèt kòmandan yo adapte entèvansyon yo dapre reyalite chak zòn ak nivo rezistans gwoup ame yo.

Reprezantan an mete aksan sou enpòtans pou fòs entènasyonal la travay an kolaborasyon se sere ak otorite ayisyen yo. Sa dwe pèmèt Lapolis Nasyonal (PNH) repran fòs li pou rebay sekirite e restore lape nan katye pedi yo. Anons sa a rive menm jou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap pran lapawòl devan menm Konsèy la, kote gouvènman an ap mande pou deplwaman sa a fèt pi vit posib pou soulaje soufrans popilasyon an

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *