
Batay kont trafik dwòg la ap rapousuiv nan depatman Sid peyi a. Lapolis Nasyonal d’Ayiti (PNH), atravè Biwo Lit kont Trafik Estipefyan (BLTS), reyalize yon gwo kou nan zòn Bergeaud kote yo arete de (2) sispèk ak yon kantite dwòg nan men yo.
Sispèk yo idantifye kòm Jean François Joseph ak Pierre Jean Félix. Yo nan men lapolis apre ajan BLTS yo te fin poze sele sou yo nan lokalite sa a.
Pandan fouy la, ajan yo dekouvri twa (3) pake poud blan ki teste pozitif kòm kokayin.
Sa ki pi enpòtan nan nouvèl sa a, se paske sa fè 3yèm fwa lapolis fè gwo entevansyon konsa nan mwens pase de (2) semèn nan zòn nan. Sa montre trafik la aktif anpil nan Sid la, men tou ke otorite yo ap veye.
Pou kounye a, de (2) moun sa yo nan prizon nan Direksyon Depatman Sid la, kote y ap tann pou yo pase devan jistis pou reponn kesyon sou trafik dwòg.
PNH la di l ap kontinye miltipliye operasyon sa yo pou koupe branch rezo k ap itilize nan depatman Sid la kòm paswa pou fè dwòg sikile nan peyi a.





Leave a Reply