Sekirite

SEKIRITE / FLASH : MINIS JISTIS LA MANDE RANFÒSE SEKIRITE NAN SELIL JOSEPH FÉLIX BADIO

SEKIRITE / FLASH : MINIS JISTIS LA MANDE RANFÒSE SEKIRITE NAN SELIL JOSEPH FÉLIX BADIO

PÒTOPRENS – Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) pran yon desizyon ijan konsènan youn nan prizonye ki pi enpòtan nan peyi a. Minis Dr Patrick Pélissier pase lòd fòmèl pou yo miltipliye mezi sekirite bò kote prizonye Joseph Félix Badio, ki se youn sispèk kle nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Nan yon korespondans ofisyèl ki pote dat 17 avril 2026, Minis Pélissier mande Direktè Jeneral a.i. PNH la, Vladimir Paraison, pou l aji san pèdi tan.

Ministè a mande pou sekirite a pa fèt konsa konsa. Yo egzije pou gen yon siveyans serye ak sistematik pou garanti entegrite fizik sispèk la epi evite nenpòt ensidan ki ta ka deraye pwosesis jistis la.

Joseph Félix Badio konsidere kòm yon pyès santral nan ankèt sou lanmò 58yèm Prezidan Ayiti a. Nenpòt bagay ki rive l ta ka yon gwo kou pou verite a, se sa ki esplike poukisa Leta ap pran tout prekosyon sa yo.

Lè yo ranfòse sekirite Badio, Ministè a vle asire l ke sispèk la ap rete disponib pou reponn kesyon lajistis nan tout faz k ap vini nan pwosè a.

Desizyon sa a montre jan dosye 7 jiyè a rete yon priyorite pou otorite yo ak jan tansyon yo wo bò kote moun ki gen gwo enfòmasyon nan men yo.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *