
PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ AN MISYON ESTRATEJIK NAN WASHINGTON AK NEW YORK
Nan lide pou chèche solisyon ak sipò entènasyonal pou kriz k ap sakaje peyi a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé kite peyi a ofisyèlman dimanch 19 avril 2026 la. Chèf Gouvènman an akonpanye ak yon delegasyon pou ale Ozetazini nan yon vwayaj diplomatik k ap bout 24 avril pwochen.
Premye Minis la akonpanye ak Minis Afè Etranjè a, Madan Raina Forbin, epi Konseye Espesyal li, Mèt Guerly Leriche. Se yon ekip ki redui ki deplase pou al defann enterè peyi a.
Nan kapital peyi Etazini, lidè gouvènman an pral chita bò tab ak responsab enstitisyon finansye entènasyonal yo (tankou Fon Monetè ak Bank Mondyal) epi otorite ameriken yo. Yo pral diskite sou jan pou yo jwenn plis lajan ak sipò pou estabilize sekirite ak relanse devlopman nan peyi a.
Misyon sa a se yon etap enpòtan nan diplomasi ayisyen an pou eseye debloke resous ak sipò ki nesesè pou mete peyi a sou ray estabilite nèt.





Leave a Reply