Entènasyonal

🏛️ DIPLOMASI / ENTÈNASYONAL : PM FILS-AIMÉ NAN NASYONZINI : YON ENTÈVANSYON DESIZIV POU AVNI AYITI

🏛️ DIPLOMASI / ENTÈNASYONAL : PM FILS-AIMÉ NAN NASYONZINI : YON ENTÈVANSYON DESIZIV POU AVNI AYITI

Premye Minis Alix Didier Fils-AimÊ pral pran lapawòl devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an nan Nyouyòk, jodi jedi 23 avril 2026 la.

Entèvansyon wo nivo sa a gen yon enpòtans estratejik pou tranzisyon politik la ak estabilizasyon peyi a. Premye Minis la pral prezante avansman ak bezwen ijan Gouvènman tranzisyon an nan kad efò pou restore otorite Leta a sou tout teritwa a. oun nan pwen santral entèvansyon li an se pral reyafime detèminasyon gouvènman an pou òganize eleksyon ki onèt, transparan ak enkliziv. Se sèl fason pou peyi a retounen nan yon gouvènans demokratik ki estab.

Chèf Gouvènman an pral lanse yon apèl fèm bay kominote entènasyonal la pou yon akonpayman ki pi efikas epi ki pi rapid. Sa gen pou wè ak mwayen teknik, lojistik ak finansye ki nesesè pou konbat gwo krim òganize a.

Devan manm Konsèy Sekirite a, PM Fils-AimĂŠ pral montre volonte Ayiti pou l pran desten l an men , tout otan l ap bati patenarya solid ak rès mond lan pou soti Ayiti nan kriz miltidinasyonèl sa a. Li pral mande kominote entènasyonal la pou l sispann fè bèl pwomès sèlman, men pou l pote yon sipò ki pi solid epi ki pi rapid. Sa konsène mwayen finansye ak materyèl pou fòs sekirite yo (PNH ak FAd’H) ak nouvo Fòs Represyon Gang yo (FRG).

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *