
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, resevwa Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé. Diskisyon sa a make yon etap enpòtan nan relasyon ant de (2) peyi yo, kote Washington ap chèche ranfòse angajman li bò kote pèp ayisyen an. Sekretè Rubio ak PM Fils-Aimé fè yon analiz sou pwogrè Misyon Entènasyonal la k ap sipòte PNH la. Yo diskite sou estrateji pou ogmante presyon sou gwoup ame yo epi libere zòn ki toujou anba kontwòl kriminèl yo.
Etazini reyafime ke estabilite politik Ayiti depann de òganizasyon eleksyon ki lib, onèt, ak transparan. Rubio ensiste sou sipò teknik ak finansye Etazini pare pou l kontinye bay pou asire ke pwosesis elektoral la rive nan bout li. De (2) lidè yo te pale sou nesesite pou ranfòse enstitisyon Leta yo. Sekretè Deta a reyafime ke Ayiti rete yon priyorite nan politik etranjè ameriken an pou rejyon an, e ke administrasyon li a ap travay pou yon Ayiti ki pi an sekirite. Rankont sa a voye yon mesaj klè bay kominote entènasyonal la: koperasyon ant Pòtoprens ak Washington ap vin pi sere pou rive jwenn solisyon dirab kont ensekirite a.
Echanj sa a ant Marco Rubio ak Alix Didier Fils-Aimé montre yon volonte politik pou akselere tranzisyon an epi pèmèt Ayiti jwenn yon souf sou plan sekirite ak demokratik.





Leave a Reply