Entènasyonal

RANKONT ANT ALIX DIDIER FILS-AIMÉ AK PRINSÈS SARAH ZEID: YON PLEDWAYE POU MOUN KI PI VILNERAB YO

RANKONT ANT ALIX DIDIER FILS-AIMÉ AK PRINSÈS SARAH ZEID: YON PLEDWAYE POU MOUN KI PI VILNERAB YO

Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, te rankontre ak Prinsès Sarah Zeid ki soti nan peyi Jòdani, ki nan misyon imanitè nan peyi a. Prinsès la, ki se marèn fòs Nasyonzini pou refijye yo (HCR), te vin diskite sou sitiyasyon kritik popilasyon an, espesyalman manman ak timoun k ap viv nan mitan kriz Peyi a ap konnen nan denye moman sa yo.

Premye Minis la konfime volonte gouvènman l lan pou travay yon fason ki responsab pou reponn ak bezwen pèp la epi prepare yon redresman ki ka dire. Chèf gouvènman an rekonèt ke sekirite se premye priyorite pou pèmèt moun ki deplase yo tounen lakay yo epi pou rive òganize eleksyon ki kredib nan lide pou peyi a retounen nan lòd konstitisyonèl. Yo te pale sou aksyon k ap fèt pou pwoteje fanm ak timoun, anpeche gang rekrite minè, epi travay sou fason pou re-entegre moun sa yo nan sosyete a. Prinsès Sarah Zeid te montre gwo enkyetid li pou moun k ap viv nan sit deplase yo epi li mande pou sistèm Nasyonzini an ak kominote entènasyonal la double efò yo pou kore Ayiti.

Premye Minis la te pwofite okazyon sa a pou l mande patnè entènasyonal yo kontinye fè pledwaye pou Ayiti, pandan l remèsye Prinsès la pou vizit li ak sipò li nan batay pou yon lavni ki pi stab.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *