
San Pep la kontinye koule sou Wout Nasyonal nimewo 1 an. Jodi vandredi 24 avril 2026 la, yon atak kriminèl kote neg ak zam louvri kout bal sou yon bis transpò piblik lakòz lanmò de (2) moun nan zòn Bercy. Bis la t ap soti nan vil Senmak pou l rann li Pòtoprens. Lè l rive nan nivo Bercy, yon zòn ki vin trè danjere nan dènye mwa sa yo, nèg ak zam te kòmanse tire sou machin nan san gade dèyè.Dapre premye temwayaj ki soti sou plas, chofè tibis la ansanm ak yon pasajè mouri frèt anba bal. Gen enfòmasyon ki fè konnen ta gen lòt moun ki blese nan atak sa a, men chif la poko konfime ofisyèlman.
Chofè yo ak sendika nan vil Senmak eksprime gwo doulè ak kòlè devan mank prezans otorite yo sou Wout Nasyonal #1 an. Yo mande yon entèvansyon rapid, rapid pou kwape gang yo k ap dechèpiye popilasyon an. Poutèt atak sa a, sikilasyon an te parèt paralize pandan yon bon pati nan jounen an, kote anpil chofè te pè riske lavi yo sou wout la.





Leave a Reply