
Dènye rapò Sekretè Jeneral Nasyonzini an sou sitiyasyon an Ayiti montre yon reyalite ki bay gwo kè sote. Malgre yon entansifikasyon nan operasyon Lapolis Nasyonal la (PNH) ant desanm 2025 ak fevriye 2026, vyolans ame a kontinye ap fè ravaj. Malgre prezans fòs sekirite yo, rapò a konte 1 343 moun ki mouri nan zak vyolans pandan peryòd sa a. Chif sa a montre jan gwoup ame yo kontinye ap fe pèp la monte yon kalvè pa do.
Nasyonzini note ke entegrasyon Fòs Represyon Gang yo (FRG) pote yon nouvo dinamik nan batay la, men li ensiste sou nesesite pou plis mwayen lojistik ak teknolojik pou fòs sa a ka rive demanbre kilti enpinite a nèt ale. Rapò a eksprime gwo preyokipasyon sou sekirite popilasyon sivil la ki twouve li kwense nan mitan echanj kout zam yo. Li mande pou otorite yo mete an plas mekanis pwoteksyon pi solid pou evite “domaj kolateral” pandan ofansif yo. Dokiman sa a sèvi kòm yon rapèl pou kominote entènasyonal la ke kriz la an Ayiti bezwen yon repons ki pi solid toujou, non sèlman sou plan militè, men tou sou plan imanitè ak sosyal.





Leave a Reply