
Dapre dènye analiz sou deba k ap fèt nan pi gwo tribinal peyi Etazini, jij yo sanble pare pou yo kore desizyon ansyen prezidan Donald Trump te pran pou l mete fen nan pwogram TPS (Statit Pwoteksyon Tanporè). Desizyon sa a, si li konfime, ap lage plizyè santèn milye etranje, pami yo anpil Ayisyen, nan yon sitiyasyon kote yo ka depòte yo nenpòt kilè. Pwogram TPS la te sèvi kòm yon plak pwotèj pou moun ki soti nan peyi ki gen lagè oswa katastwòf natirèl, pou yo ka viv ak travay Ozetazini san kè sote.Si yo retire pwoteksyon sa a, sa pral frape anpil fanmi ki deja etabli depi plizyè ane, kote anpil nan yo gen pitit ki fèt Ozetazini, yo peye taks, epi yo se poto mitan nan kominote yo.
Imigran sa yo kontribye anviwon 6 milya dola nan ekonomi ameriken an. Si yo ta pati, sa t ap yon gwo pèt ni pou ekonomi ameriken an, ni pou peyi yo (tankou Ayiti) ki depann sou lajan yo voye lakay. Nan moman kote Ayiti ap travèse yon kriz san parèy ak vyolans gang ak grangou, fòse moun sa yo tounen t ap yon veritab katastwòf imanitè. ij yo ap analize si gouvènman an gen dwa kanpe pwogram sa a san restriksyon, yon desizyon k ap gen gwo konsekans sou fason peyi Etazini ap jere imigrasyon nan ane k ap vini yo.
Tandans jij yo nan Tribinal Suprèm nan montre yon vizyon kote yo ka bay gouvènman an dwa pou l fèmen pwogram nan, malgre gwo rèl k ap pouse bò kote defansè dwa moun.





Leave a Reply