
Lapolis Nasyonal peyi d’Ayiti (PNH) ap entansifye divès operasyon nan zòn estratejik yo pou kapab derasinen gang ame yo ki te mèt san-vil Pòtoprens lan. Atravè imaj ak videyo ki vin viral sou rezo sosyal yo, moun ka wè gwo jefò k ap fèt pou reprann kontwòl espas sa yo.
PNH la ap deplwaye plis fòs nan divès pwen kle nan kapital la pou kapab chase gwoup ame yo, Imaj sa yo montre aklè jan san-vil la kraze nèt apre plizyè mwa kote se gang ame ki t ap fè lalwa nan zòn nan.
Malgre san-vil la parèt nan yon eta ki bay dlo nan je, operasyon sa yo se yon etap enpòtan nan batay lapolis la ap mennen pou mete sekirite nan peyi a.





Leave a Reply