
Twa (3) gwo poto mitan nan endistri peyi a, Brasserie de la Couronne, distillerie Barbancourt, ak Brasserie Séjourné, mete tèt yo ansanm pou voye yon gwo rèl alam bay otorite yo nan dat mèkredi 29 avril 2026 la. Atravè yon kominike konjwen, antrepriz sa yo denonse sitiyasyon katastwofik k ap pase nan zòn kote faktori yo enstale a, nan Plenn lan. Sitiyasyon an kritik anpil nan espas ki separe Wout Nasyonal nimewo 1 ak Wout 9 la, yon zòn estratejik ki toupre ayewopò a.Antrepriz sa yo fè konnen ensekirite a rive nan yon nivo kote li prèske enposib pou yo kontinye fonksyone nòmalman.
Yo mande Leta ak otorite ki an chaj sekirite yo pou yo aji vit pou pwoteje enstalasyon yo, travayè yo, ak envestisman sa yo ki reprezante yon gwo moso nan ekonomi peyi a. Si anyen pa fèt, operasyon twa gwo konpayi sa yo, ki bay plizyè milye moun travay epi ki pwodui bwason ak wonm moun konsome chak jou, ka sispann nèt. Sitiyasyon sa a montre jan kriz sekirite a ap tounen yon kòd nan kou sektè pwodiktif la nan peyi a, sa ki ka rann lavi a pi chè epi ogmante chomaj si otorite yo pa reponn ak ijans sa a.





Leave a Reply