
Nan kad ankèt k ap rapousuiv nan tribinal federal Florid sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, nouvo detay parèt sou fason konspiratè yo te planifye koudeta a. Temwayaj Jacob Israel, yon figi santral nan rechèch finansman pou operasyon an, revele kijan Walter Veintemilla, responsab Worldwide Capital Lending Group, te itilize non gwo aktè politik ayisyen pou rale envestisè. Jacob Israel te gen misyon pou rasanble fon pou sa yo te prezante kòm yon “misyon sekirite ak devlopman”. Dapre temwayaj li, Walter Veintemilla te asire l ke pwojè a te gen yon baz politik solid an Ayiti, sa ki te sèvi kòm garanti pou moun ki t ap bay lajan yo.
Youn nan eleman ki pi frapan nan temwayaj la se deklarasyon Veintemilla kote li te fè konnen li gen sipò total Steven Benoit (ki idantifye nan dosye a kòm “Steeven”). Konspiratè yo te prezante Benoit kòm figi santral ki t ap gen pou dirije gouvènman tranzisyon an, sa ki te sèvi kòm yon garanti politik pou jistifye “envestisman” mèsenè yo. Akizasyon sa yo vinn ranfòse dosye federal kont Walter Veintemilla ak konpayi li an, kote lajistis ameriken ap chèche pwouve ke li pa t sèlman bay lajan ($175,000), men li te patisipe aktivman nan planifikasyon pou ranvèse yon gouvènman etranje.
Revelasyon sa yo kontinye trase chemen ki mennen nan lyen ant sektè prive nan Florida ak akte politik yo an Ayiti, sa ki montre jan konspirasyon 7 jiyè 2021 an te gen rasin li fon nan yon melanj enterè finansye ak anbisyon pouvwa.





Leave a Reply