
Youn nan pi gwo poto mitan endistri nasyonal la, konpayi Rhum Barbancourt, twouve l nan yon sitiyasyon kritik. Nan yon nòt pou laprès ki soti jodi madi 21 avril 2026 la, direksyon konpayi an soti yon rèl alam konsènan vyolans k ap dechire Plènn Kil-de-Sak la depi plizyè jou.
Konpayi an konfime ke “plizyè moso tè” kote yo plante kann nan Plenn lan gentan pran dife. Sa se yon gwo kou pou pwodiksyon an, paske se kann sa yo ki sèvi kòm matyè premyè pou fè wonm lan.
Malgre dife a ap ravaje plantasyon yo, Barbancourt fè konnen pou kounye a, ni machin pwodiksyon yo, ni bilding poko touche. Yo kontinye swiv evolisyon an
konpayi an deplore lefèt ke anplwaye yo ak moun k ap viv nan katye alantou yo pa benefisye okenn pwoteksyon nan men otorite piblik yo. Barbancourt santi l pou kont li devan menas sa yo.
Sitiyasyon sa a mete an danje non sèlman yon eritaj kiltirèl, men tou plizyè santèn djòb dirèk ak endirèk. Si sekirite a pa retabli vit nan Plenn nan, se yon gwo moso nan ekonomi peyi a ki ka pran yon kou fatal.





Leave a Reply