
Nan kad efò k ap fèt pou miltipliye fòs sekirite yo sou teren an, Wo Kòmandman Lapolis Nasyonal d’Ayiti (PNH) te chita pale, lendi 20 avril 2026 la, ak yon delegasyon wo nivo ki soti nan peyi Benngladèch. Rankont sa a te santre sou kolaborasyon estratejik ant PNH ak Force de Réponse Globale (FRG).
Delegasyon an te gen nan tèt li Majò Jeneral Gulam Mahiuddin Ahmed, ki te akonpanye ak kat (4) lòt ofisye siperyè. Prezans ofisye sa yo ki soti Benngladèch montre angajman entènasyonal la pou sipòte Ayiti nan moman kriz sa a.
Diskisyon yo te baze prensipalman sou fason PNH ak FRG pral mete tèt yo ansanm pou mennen operasyon k ap pèmèt Leta reprann kontwòl zòn ki anba men gwoup ame yo.
Rankont lan te pèmèt tou de pati yo analize reyalite ak defi ki gen sou teren an kounye a. Yo te pale sou difikilte taktik yo ak nesesite pou gen yon kowòdinasyon san fay pou pwoteje lavi popilasyon an.
Otorite yo te mete aksan sou fason yo pral “vanse ansanm” nan jou k ap vini yo. Sa anonse yon faz pi aktif nan kolaborasyon an pou bay rezilta k ap pèmèt lapè retounen nan katye yo.
Rankont sa a ant PNH ak ofisye Benngladèch yo se yon etap enpòtan nan chèche solisyon solid pou kriz ensekirite a, pandan y ap ranfòse kapasite operasyonèl fòs lokal yo ak sipò patnè entènasyonal yo.





Leave a Reply