Kilti

🚨NASYONAL : MHAVE SELEBRE 15yèm JOUNEN DIASPORA YO ANBA TÈM SEKIRITE AK ELEKSYON

🚨NASYONAL : MHAVE SELEBRE 15yèm JOUNEN DIASPORA YO ANBA TÈM SEKIRITE AK ELEKSYON

Lendi 20 avril 2026 la te make yon dat enpòtan nan kalandriye nasyonal la. Ministè Ayisyen k ap Viv lòt bò dlo (MHAVE) selebre ak anpil diyite 15yèm edisyon Jounen Nasyonal Diaspora a, yon okazyon pou Leta rekonèt valè konpatriyòt nou yo ki gaye toupatou atravè lemond.

Pou ane sa a, diskisyon yo te vire otou tèm : « Ayiti : sekirite, eleksyon, dyaspora ap patisipe pou kore estabilite. » Yon fason pou montre jan patisipasyon moun lòt bò dlo nesesè pou peyi a jwenn balans li.

Minis MHAVE la, S.E. Kathia Verdier, pa t kache santiman l pou l salye kouraj dyaspora a. Li deklare ke kèlkeswa kote yon Ayisyen ye, li rete yon “pati entegral nan lavi ak avni peyi a.

Minis la fini pou l di se sèlman “men nan men” tout pitit peyi a, kit yo anndan kit yo deyò, n ap ka rive bati yon nasyon ki pi solid, pi jis, epi ki gen plis espwa pou tout moun.

Jounen sa a te sèvi kòm yon rapèl ke diaspora a se pa sèlman yon sous lajan, men li se yon vrè poto mitan, yon sous fòs ak kouraj ki kontinye make listwa nasyon an chak jou.

ALET ENFO

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *