Kilti

DIPLOMASI / KILTI] : ANBASADÈ AYITI NAN PEYI LAFRANS ONORE ENFLIYANSEZ ARIANA MILAGRO LAFOND

Nan okazyon pasaj li nan vil Pari jodi vandredi 17 avril 2026 la, Anbasadè Ayiti nan peyi Lafrans, Ekselans Mesye Louino Volcy, te fè yon jès espesyal pou onore jèn enfliyansez ayisyèn nan, Ariana Milagro Lafond, k ap tounen lakay apre li fin reprezante peyi a ak anpil fyète.

Anbasadè Volcy te pèsonèlman aksepte resevwa Ariana ak delegasyon li a nan ayewopò Paris-Charles-de-Gaulle. Diplomat la te menm akonpanye yo jiska ayewopò Orly pou asire retou chanpyon an an Ayiti pase nan pi bon kondisyon posib.

Reprezantan diplomatik la pwofite moman sa a pou l prezante gwo felisitasyon li bay Ariana pou bèl pèfòmans li nan konkou entènasyonal “House of Challenge”. Li fè konnen pakou jèn fi a se yon sous enspirasyon pou tout jèn parèy li.

Pandan echanj yo, Misye Volcy ankouraje Ariana pou l kontinye sèvi ak talan li ak platfòm li pou l vann yon bèl imaj de peyi Ayiti atravè lemond. Li ensiste sou enpòtans pou jèn yo pote flanbo kilti ak detèminasyon ayisyen an byen wo tout kote yo pase.

N ap swete Ariana yon bon retou lakay, epi n ap di l mèsi dèske li kontinye fè drapo nou an briye nan mitan lòt nasyon!

ALET ENFO

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *