Dènye Nouvèl

COLLÈGE IMMACULÉE CONCEPTION SAKRE CHANPYON NAN PREMYE OLYMPIADES DU SAVOIR

COLLÈGE IMMACULÉE CONCEPTION SAKRE CHANPYON NAN PREMYE OLYMPIADES DU SAVOIR

GONAIV – Syans ak konesans te nan kase ranndevou nan vil Gonayiv pou gwo final premye edisyon Olympiades du Savoir (ODS). Apre yon batay entèlektyèl byen sere, se elèv Collège Immaculée Conception (CIC) ki ranpòte gwo pri a, dimanch 12 avril 2026 la.

Oditoryòm Collège Saint-Pierre Claver te chaje kou ze pou nivo final sa a. Elèv yo te gen pou yo reponn keksyon ki mande anpil reflèks ak konesans sou listwa, literati ak lasyans.

Se òganizasyon Collectif pour la mise en place d’actions citoyennes (COMPAC) ki te pran inisyativ sa a. Yo vle pouse jèn yo enterese plis nan aktivite lespri epi devlope yon konsyans sitwayen nan lekòl yo.

Collège Immaculée Conception (CIC) konfime repitasyon li kòm yon lekòl de referans nan Gonayiv lè li rive deklase lòt konpetitè yo pou l vin premye chanpyon nan istwa konpetisyon sa a.

Pou òganizatè yo ak tout moun ki te prezan, premye edisyon sa a se yon prèv ke jèn Gonayivyen yo gen anpil talan epi yo swaf aktivite kiltirèl ak akademik serye.

Viktwa CIC la mete yon bèl pwen final nan premye edisyon ODS la, yon aktivite ki kòmanse ekri non l nan listwa aktivite entèlektyèl nan depatman Latibonit.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *