
Lapolis Nasyonal peyi D’ Ayiti (PNH) kominike ofisyèlman jounen lendi 27 avril 2026 la sou tansyon ki genyen nan zòn Dèlma ak lòt kote nan kapital la. Enstitisyon an fè konnen mezi izolman yo pran kont kat (4) polisye yo se yon desizyon administratif ki baze sou règleman entèn yo.
Kat ajan sa yo ap sibi yon ankèt nan men Enspeksyon Jeneral (IGPNH). Yo sispèk yo komèt zak ki kontrè ak lwa peyi a ak kòd etik enstitisyon polis la.
PNH eksplike ke mete polisye nan izolman se yon pwosedi nòmal lè gen gwo dout sou konpòtman yo. Sa pèmèt ankèt la fèt san presyon epi nan transparans.
Direksyon Kominikasyon (DIRCOP) fè konnen enstitisyon an pa ka fonksyone anba presyon moun ame oswa manifestasyon k ap bloke lari pou egzije liberasyon moun ki gen dosye nan men lajistis administratif. Pandan nòt sa a ap sikile, tansyon an rete wo nan plizyè kwen nan Pòtoprens kote kòlèg polisye sa yo kontinye ap mande pou yo lage yo san kondisyon. PNH bò kote pa l kenbe pozisyon li: règleman se règleman, epi ankèt la dwe bout pou verite a kapab tabli.





Leave a Reply