Dènye Nouvèl

IJAN : DCPJ ARETE AVOKA ANSYEN DEPITE VICTOR PROFANE NAN KOU DAPÈL

IJAN : DCPJ ARETE AVOKA ANSYEN DEPITE VICTOR PROFANE NAN KOU DAPÈL

Nan Kou Dapèl Pòtoprens. Pandan ansyen gwo fonksyonè yo t ap Prezante devan jij yo, ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) debake epi arete Mèt Osnel Antoine, ki se avoka ansyen depite Victor Profane.

Avoka a, ki fè pati Baro Mirebalais, te vin asiste Victor Profane ki gen randevou ak lajistis pou dosye finansman teroris. Se nan moman sa a ajan DCPJ yo debake sou li.

Dapre enfòmasyon ki disponib, arestasyon manm baro Mirebalais sa a pa gen rapò dirèk ak dosye kliyan li a. Se yon manda jij Benjamin Felismé te soti kont li nan kad yon dosye tè, Pandan entèpelasyon an, ajan DCPJ yo retire tòj avoka a sou li an piblik anvan yo pati avè l.

Yon imaj ki fè anpil bri, se fason ajan yo retire rad avoka a (tòj li) sou li devan tout moun anndan tribinal la anvan yo mennen l ale nan biwo DCPJ.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *