Entènasyonal

TRUMP MANDE POU YO REVOKE JIMMY KIMMEL APRE LI TE FIN FE YON BLAG SOU MELANIA LI KONSIDERE KÒM “APÈL AK VYOLANS”

TRUMP MANDE POU YO REVOKE JIMMY KIMMEL APRE LI TE FIN FE YON BLAG SOU MELANIA LI KONSIDERE KÒM “APÈL AK VYOLANS”

Prezidan Donald Trump pa kache kòlè li kont animatè ABC a, Jimmy Kimmel. Jounen lendi 27 avril 2026 la, chèf leta ameriken an mande pou yo revoke Kimmel imedyatman, apre animatè a te dekri Premyè Dam nan, Melania Trump, kòm yon « vèv k ap tann » (expectant widow).

Blag sa a, ki te fèt nan kad yon seyans komedi pou Dine Korespondan Mezon Blanch lan, te pase trè mal nan zòrèy fanmi prezidansyèl la, sitou akòz kontèks sekirite ki gen Ozetazini kounye a. Nan yon pòs li fè sou rezo Truth Social, Prezidan an deklare blag la se yon « apèl pou vyolans ki bay degoutans ». Li kwè ABC pa dwe kenbe yon moun k ap fè jan de kòmantè sa yo sou yon platfòm konsa. Kèk èdtan anvan sa, Premyè Dam nan te gentan fè konnen li panse Kimmel ta dwe pèdi travay li pou pawòl sa yo li jije ki deplase.

Blag la te fèt lendi pase a nan emisyon Jimmy Kimmel Live!, sèlman kèk jou anvan yon nèg ame te eseye antre nan evènman kote Prezidan an ak madanm li t ap patisipe, sa ki te lakòz sekirite te blije evakye yo. Jimmy Kimmel, nan monolog li a, te di Melania Trump te gen yon “klatè tankou yon vèv k ap tann” (a glow like an expectant widow), yon fraz ki deklannche yon gwo kòlè bò kote fanmi prezidansyèl la ki wè sa tankou yon menas oswa yon mank de respè grav nan mitan tansyon politik k ap travèse peyi a.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *