
Nan yon kominike ofisyèl, Ministè Anviwònman (MdE) eksprime yon kondannasyon fèm kont zak vandalis ki vize Jardin Botanique des Cayes, yon enstitisyon referans ki dedye depi plis pase de (2) deseni nan Prezèvasyon biyodivèsite ak rechèch syantifik nan peyi a.
Leta konsidere atak sa a kòm yon kout ponya nan do patrimwan ekolojik nasyon an ak yon menas dirèk sou efò konsèvasyon anviwònman an. Pou evite plis dega, Ministè Anvironment an kolaborasyon ak Ministè Jistis, ANAP (Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje), ak Direksyon Depatmantal Sid la, deside sispann tout aktivite nan jaden an tanporèman. Dosye a deja nan men lajistis. Leta anonse ke tout dispozisyon ap pran pou jwenn moun ki komèt zak malonèt sa yo pou yo ka reponn devan lalwa.
Jardin Botanique des Cayes se pa sèlman yon bèl kote pou moun vizite, se yon sant rechèch enpòtan kote yo pwoteje anpil espès plant ki ra. Vandalis sa a se yon gwo kou pou syans ak lanati an Ayiti.
Ministè a reyafime angajman li pou l restore sekirite nan sit la pi vit posib, yon fason pou Jaden an ka kontinye misyon li nan sèvis nasyon an ak jenerasyon k ap vini yo.





Leave a Reply