
Konpayi avyon Sunrise Airways anonse ofisyèlman lendi 21 avril 2026 sa a, yo repran vòl yo ale ak vini nan kapital la, Pòtoprens. Desizyon sa a vini apre otorite yo konstate yon amelyorasyon nan kondisyon sekirite yo alantou Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture la.
Apre yon sispansyon pwovizwa ki te koze pa enstabilite nan zòn ayewopò an, Sunrise Airways rekòmanse desèvi destinasyon lokal ak entènasyonal li yo. Repriz vòl yo baze sou yon “amelyorasyon konsta” nan anviwonman ayewopò an. Sa montre efò fòs lòd yo pou sekirize aks estratejik sa a kòmanse bay rezilta ki pèmèt operatè prive yo repran konfyans.
Direksyon konpayi an ankouraje tout vwayajè pou yo rete an kontak ak sèvis asistans yo. Li rekòmande pou pasaje yo verifye estati vòl yo anvan yo deplase, pou yo ka jere nenpòt ajisteman ki ta ka fèt nan orè yo. Retou vòl sa yo se yon siy pozitif ki montre lavi a ap eseye reprann yon balans nan kapital la, malgre defi yo, epi sa ap fasilite mouvman moun ak machandiz.
Si w te gen vwayaj ki te bloke oswa si w ap planifye pou deplase, se moman pou w tcheke estati vòl ou pou w ka pran dispozisyon w.





Leave a Reply