
Nan yon lèt ofisyèl li voye bay responsab palman ameriken an nan dat vandredi 1ye me 2026 la, Donald Trump fè konnen ostilite ant Etazini ak Iran “fini” nèt. Deklarasyon sa a fèt nan kad yon lwa ki egzije pou prezidan ameriken an jwenn pèmisyon nan men Kongrè a si l vle kontinye yon konfli ki depase 60 jou. Donald Trump ekri lèt sa a egzakteman nan jou li te dwe jwenn otorizasyon Kongrè a pou l ta kontinye lagè a. Trump sètifye nan dokiman sa a ke lagè ki te kòmanse nan mwa fevriye a fini ofisyèlman.




Leave a Reply