
Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li jodi a, madi 28 avril 2026 la, Lazarre Lionel fè konnen li jwenn nominasyon li kòm youn nan vwa ofisyèl PNH la. Se Direktè Jeneral lapolis la, Misye André Jonas Vladimir Paraison, ki fè chwa sa a pou ranfòse ekip kominikasyon enstitisyon an. Lazarre Lionel remèsye Direktè Jeneral la pou konfyans li mete nan li pou l asime nouvo responsablite sa a.
Li pwomèt pou l travay ak anpil transparans epi ak yon gwo sans responsablite nan fason l ap bay enfòmasyon sou sa k ap pase nan lapolis la. Li pran angajman pou l trete tout dosye yo ak anpil rige pou asire mesaj enstitisyon an rive jwenn popilasyon an jan sa dwe fèt.
Chanjman sa a nan Direksyon Kominikasyon PNH la rive nan yon moman kote lapolis la ap jere plizyè dosye cho sou sekirite peyi a ak disiplin anndan kò lapolis la.





Leave a Reply