
Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, reyaji ofisyèlman apre nouvèl tantativ agresyon ki te vize Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan lannwit samdi a. Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter (X) pèsonèl li, dimanch 26 avril 2026 la, chèf gouvènman an eksprime gwo mekontantman li devan ensidan sa a ki te sakaje kapital ameriken an. Pou fini, Premye Minis la voye yon mesaj solidarite nan non gouvènman ayisyen an bay Prezidan Trump ak tout pèp ameriken an. Reyaksyon sa a rive nan yon moman kote kominote entènasyonal la ap swiv ak anpil atansyon ankèt k ap fèt sou sispèk yo te arete apre echanj kout zam ki te fèt nan dine anyèl jounalis Mezon Blanch yo.





Leave a Reply