Dènye Nouvèl

⚖️USA / JIDISYÈ : PWOFESÈ LAVOISIER ANBA KÒD OZETAZINI POU AKIZASYON AGRESYON SEKSYÈL SOU MINÈ

⚖️USA / JIDISYÈ : PWOFESÈ LAVOISIER ANBA KÒD OZETAZINI POU AKIZASYON AGRESYON SEKSYÈL SOU MINÈ

Pwofesè Lavoisier, yon figi byen koni nan kominote a, jwenn arestasyon l nan men otorite ameriken yo depi madi 7 avril 2026 la. Dapre enfòmasyon jounalis Wendy Phele (Résistance) rapòte, pwofesè a ap fè fas ak akizasyon ki lou anpil devan lajistis. Lajistis ameriken repwoche pwofesè a de (2) krim ki grav anpil li ta komèt sou yon timoun. Pami akizasyon sa yo, genyen sa yo rele nan sistèm legal la « penetrasyon nan dèyè », yon zak ki konsidere kòm yon krim seksyèl nivo siperyè. Menm si akizasyon sa yo bay gwo kè sote, li enpòtan pou n raple ke nan sistèm jidisyè ameriken an, Pwofesè Lavoisier rete inosan toutotan yon tribinal pa jije l epi deklare l koupab anba prèv ki klè.

Nouvèl sa a lakòz yon gwo chòk, sitou bò kote moun ki te konn swiv pwofesè a pou travay edikatif li. Anpil moun ap tann pou konnen plis detay sou sikonstans arestasyon an ak sa ki pral pase nan premye odyans yo.

Pataje atik sa a: WhatsApp
Atik Ki Sanble Yo

One response to “⚖️USA / JIDISYÈ : PWOFESÈ LAVOISIER ANBA KÒD OZETAZINI POU AKIZASYON AGRESYON SEKSYÈL SOU MINÈ”

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *