
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te fè yon chita pale sou bidjè 250 milyon dola ameriken an, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) deside fè bak. Nan yon kominike ofisyèl, enstitisyon elektoral la anonse yo pral Re-evalye montan sa pou l ka jwenn yon chif ki pi reyalis. Pou garanti transparans, CEP a mete sou pye yon selil travay ki konpoze ak ki plizye kad teknik nan enstitisyon an ansanm ak patnè estratejik nan kominote entènasyonal la tankou :
PNUD (Pwogram Nasyonzini pou Devlopman)
UNOPS (Biwo Nasyonzini pou Sèvis Pwojè)
BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti)
Pandan re-evalyasyon sa a ap fèt, gen gwo krentif pou sa pa lakòz reta nan kalandriye elektoral la.





Leave a Reply