
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pa kache kòlè l devan montan 250 milyon dola ameriken CEP a mande pou òganize pwochen eleksyon yo nan peyi a. Pou chèf gouvènman an, chif sa a tou senpleman “absid”. Pou gouvènman tranzisyon an, depanse yon ka nan yon milya dola nan yon eleksyon nan kontèks kriz aktyèl la se yon fado trezò piblik la ak patnè entènasyonal yo pa ka sipòte. PM nan ap mande Pou gen yon revizyon rasyonèl ki priyorite efikasite ak ekonomi. Dapre enfòmasyon jounal Le Nouvelliste jwenn nan men sous pre CEP a, enstitisyon elektoral la jistifye chif sa a pa rapò ak gwo defi lojistik, sekirite sant vòt yo nan zòn ki te anba kontwòl gang, ak nesesite pou modènize sistèm nan pou evite.
Dezakò sa a louvri yon peryòd ensètitid sou kalandriye elektoral la. Si de (2) pati yo pa rive jwenn yon konpromi rapid, sa ka afekte vitès pwosesis retou nan lòd konstitisyonèl la ke popilasyon an ak kominote entènasyonal la ap tann.
Pandan ke gouvènman an ap negosye nan Washington pou jwenn sipò, yon bidjè ki wo konsa ka fè bak kèk donatè ki deja ap gade ak loup jan yo itilize fon yo an Ayiti. Pandan kominote entènasyonal la ap pouse pou eleksyon fèt byen vit, blokaj finansye sa a vin ajoute yon lòt kouch difikilte nan pwosesis retou nan lòd konstitisyonèl la.





Leave a Reply