
Kay Blanch anonse ofisyèlman, lendi 20 avril 2026 la, depa Lori Chavez-DeRemer, ki t ap sèvi kòm Minis Travay Ozetazini. Desizyon sa a tonbe apre li fin pase sèlman 13 mwa nan pòs la, yon manda ki te make pa anpil tèt chaje ak eskandal.
Chavez-DeRemer te pran fonksyon li nan mwa mas 2025. Li kite gouvènman an apre yon seri eskandal ki te kòmanse soti nan laprès, sa ki te rann pozisyon li vin difisil anpil anndan administrasyon an.
Lori Chavez-DeRemer vin twazyèm fanm nan nivo kabinè a ki kite gouvènman Donald Trump la nan espas kèk semèn. Li mache dèyè Kristi Noem (ki te nan Sekirite Enteryè) ak Pam Bondi (ki te nan Jistis), de (2) minis ki te oblije pati tou anba presyon. Administrasyon Trump la ap chèche jwenn yon balans pandan l ap pèdi plizyè nan figi enpòtan li yo nan yon tan ki trè kout.
Kay Blanch poko bay non moun ki pral ranplase l la, men depa sa a riske ralanti plizyè pwojè lwa ak refòm ki gen rapò ak mache travay la Ozetazini, nan yon moman kote ekonomi an ap chèche estabilite.





Leave a Reply