
Yon sitiyasyon tansyon makònen ak gwo panik ap devlope maten an nan vil Senmak. Dapre plizyè sous sou plas ak rèl dezespwa popilasyon an, Leta santral pase lòd pou tout machin blennde ki te deplwaye nan zòn Ba Latibonit pou konbat gang yo, rale kò yo pou yo tounen Pòtoprens.
Enfòmasyon yo fè konnen blennde sa yo gentan sou Pò Senmak la, kote y ap tann yon bato pou anbake yo nan direksyon kapital la.
Popilasyon an, ki nan Latibonit ki te kòmanse santi yon ti soulajman ak prezans fòs lòd yo, konsidere aksyon sa a kòm yon “trayizon”. Yo pè pou rejyon an pa tonbe nèt anba grif gang yo si blennde yo pati.
on gwo mouvman mobilize nan vil Senmak kote y ap mande pèp la kouri vin bloke waf la ak tout gwo aks yo. Mesaj la klè: “Blennde yo pa prale, blennde yo ap rete pou pwoteje Latibonit!”
Anpil moun ap mande poukisa nan moman gang yo ap ranfòse kò yo, gouvènman an deside febli sekirite nan yonn nan rejyon ki pi enpòtan pou pwodiksyon manje nan peyi a.
Moun Senmak ak zòn ki bò kote l yo anonse yo p ap fè bak. Yo mande eksplikasyon klè nan men otorite yo epi yo pare pou bloke tout tantativ pou anbake materyèl sa yo.
N ap swiv dosye sa a de prè pou n wè si otorite yo ap fè bak devan kòlè popilasyon an oubyen si tansyon an ap vin pi rèd nan lari a.





Leave a Reply