
Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, reyafime pozisyon li nan okazyon ouvèti Kongrè FIFA a ki te fèt nan vil Vancouver, nan peyi Kanada. Malgre tansyon ak konfli k ap travèse Mwayen Oryan an, Infantino garanti ke ekip nasyonal Iran an (Team Melli) ap prezan pou patisipe nan koup dimond lan. Infantino konfime ke Iran ap jwe 3 match poul li yo sou tè ameriken an, jan sa te prevwa nan kalandriye a.
Sa pral premye fwa konpetisyon an ap gen 48 peyi k ap patisipe. Se peyi Etazini, Meksik, ak Kanada k ap òganize evènman sa a ansanm, soti 11 jen pou rive 19 jiyè 2026.
Malgre ensètitid ak konfli diplomatik ki genyen nan rejyon kote Iran soti a, FIFA kenbe desizyon pou pèmèt ekip la patisipe nòmalman nan tounwa a.
Deklarasyon sa a vize elimine dout sou patisipasyon Iran epi montre detèminasyon FIFA pou asire ke Mondial 2026 la dewoule san pwoblèm, malgre sitiyasyon jeopolitik la.



Leave a Reply